Pou Ou

28 Nov

Ou kite tout fanm ou nan nanm mwen

Ou kite gou lang ou nan bouch mwen

Ou kite chanmchanm ou andedan chanm mwen

Ou fè m sal douvan mwen tèlman ou grate jenjanm mwen

 

Mwen pike kè ou, ou senyen lanmou

Ou di ke sèl souri mwen soulaje pèn ou

Touche m ka mete sik sou pòpòm ou.

Mwen touche kè ou, ou danmou m fou

 

Lè mwen sekle zèb jaden w

Se Laroze w mwen enspire

Kokoriko m chante nan maten w

Sou mwen bonè jounen w mize

 

Pou ou, ou te ka fanm mwen

Pou yo, ou te ka vann mwen

 

Lè ti bourik ou swaf myèl

Li vinn bwè dlo nan gagann mwen

Ke li fè cho, ke li fè fret anba ble le syèl

Ou toujou vle dòmi nan savann mwen

 

Tan lontan mwen te sou brenzeng mwen

Sou soprano ou te gen tan monte pou chante

Do Re Mi… FaSil La Ou Sou Do

 

Pito mwen pe pou m pa di si m te

Pito n kraze yon kite sa pou w pa mete m sou sa

Pito l pa konnen ke se mwen ke ou vle

Pito m fè a dwat, pito w fè gòch tan pou n ta…

One Response to “Pou Ou”

  1. alexanon December 2, 2015 at 12:19 am #

    Reblogged this on Alex Sanon Blog.

Leave a reply to alexanon Cancel reply